Pi gwo mizisyen Konpa Direk yo te rasanble nan Miami pou komemore 70 zan egzistans stil mizik popile Ayisyen sa a.
Reprezantan Espesyal Adjwen e Kowòdonatè Imanitè Nasyonzini ann Ayiti Ulrika Richardson, pandan rankont ak lapres en konferans video nan katye jeneral Nasyonzini , li te bay detay sou sitiyasyon grav kote gang kontinye ap simen laterè , Valerio Saint-Louis depi New York
Plis pase yon santèn moun ki t ap viv nan kan ki nan Gymnasium Vincent kouri kite sit la akoz atak gwoup nèk ak zam yo te lanse sou katye na zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Chèf sekirite palè nasyonal la, Vladimir Paraison, blese anba katouch gwoup gang yo, ayè jedi a, nan kad yon operasyon Lapolis Nasyonal Ayiti te mennen sou Channmas la, selon sa biwo laprezidans anonse nan yon kominike.
Grèv pwofesè yo te lanse nan komansman ane 2025 la ap rapousuiv. Pwofesè yo mande yon evalyasyon sou jestyon ministè edikasyon an.
Plis pase 10 depite repibliken ak demokrat voye lè bay Prezidan Donald Trump ansanm ak Sekretè Deta sekitrite entryè ameriken an Kristi Noem konsènan dènye dezisyon administrasyon an sou dosye TPS Aysiyen an.
Moun ki abite nan Kan Akra ap kite espas la apre bandi ak zam anvayi espas la. Sitwayen yo di yo pa konnen ki kote yo prale paske yo pa gen kay anko.
Anbasadè Inyon Ewopeyèn ann Ayiti, Stefano Gatto, deklare gen nesesite pou gouvènman Ayisyen an defini yon estrateji klè pou retabli sekirite nan peyi a.
Atak gwoup nèg ak zam yo sou katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens fòse preske 13,000 moun kouri kite lakay yo, selon yon dènye bilan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Nan yon nòt pou laprès, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) di li kondane zak vyolans gang yo fè sou popilasyon an nan plizyè katye nan zòn Metwopolitèn nan (Taba 27, Debisi, Fò nasyonal ak Dèlma 30), soti nan lannwit 24 pou rive 25 fevriye 2025.
Fonds monétaire international (FMI) fè konnen mank kolaborasyon ant 3 antite leta sa yo (Direksyon jeneral enpo yo (DGI), Ladwàn ayisyèn ak Inite lit kont koripsyon (ULCC)) lakoz yo pa ka defini yon estrateji klè kou dlo kòk pou prevwa ak lite kont koripsyon nan peyi a.
Sitiyasyon an toujou rete mangonmen nan Dèlma 30 kote gwoup nèg ak zam ki te atak katye sa, ayè madi a, kontinye ap simaye katouch pasi pala.
Load more