Accessibility links

 
Ensekirite : Anviwon 13 Mil Ayisyen Kouri Kite Lakay yo Akoz Vyolans Gang yo, Dapre OIM
Breaking News

Ensekirite : Anviwon 13 Mil Ayisyen Kouri Kite Lakay yo Akoz Vyolans Gang yo, Dapre OIM


Moun transpote kadav yon gason ki mouri nan atak gang kont katye Delmas 30 la nan Potoprens, 25 Fevriye, 2025.
Moun transpote kadav yon gason ki mouri nan atak gang kont katye Delmas 30 la nan Potoprens, 25 Fevriye, 2025.

Atak gwoup nèg ak zam yo sou katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens fòse preske 13,000 moun kouri kite lakay yo, selon yon dènye bilan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).

Dapre yon rapò OIM pibliye sou sit entèntèt li sèmèn sa a, atak gang yo fòse antou 12,971 sitwayen abandone kay yo.

Abitan nan katye Kafou fèy, Taba, Dèlma, Kòvèr, Metiver elatriye oblije kite zòn yo akoz zak vyolans yo ki pa sispann ogmante.

Depi 14 fevriye 2025, plizyè katye nan Pòtoprens sibi atak gang yo ki gen konwòl 80% kapital la, selon Nasyonzini.

Dènye atak nan Dèlma 30, lendi 24 fevriye 2025 lan fòse plizyè dizèn sitwayen abandone katye yo pou al pran refij nan yon anèks ministè afè sosyal ki nan Dèlma 33.

Pandan ane 2024 la, vag vyolans yo fòse plis pase 1 milyon Ayisyen kouri kite lakay yo, dapre OIM.

XS
SM
MD
LG