Daphnée Alphonse, yon chofè Taksi Moto ki ap sikile swa pou trafik, swa pou soti pèsonèl. Wilner Bossou te Chita Koze ak Li.
Nan dènye konsèy minis ki fèt ayè mèkredi a, gouvènman ayisyen an fè divès nominasyon nan administrasyon piblik la, pou pèmèt bwat leta yo "mache byen"
Popilasyon Kenskòf la ap mal viv nan kan refijye yo, aprè bandi ak zam, fè yo kouri kite lakay yo.Yo mande otorite yo,voye je sou yo.
Apre komite Festival la te ranvwaye PAPJAZZ la akoz ensekrite a nan kapital la, òganizate yo anonse Festival entènasyonal Jazz Pòtoprens lan ap reprann dwa li nan mwa mas la (20, 21 ak 22 mas)
Madi 11 fevriye 2025 lan, Minis kilti ak kominikasyon an, Patrick Delatour, fè konnen bidjè kanaval la pou ane sa a se 300 milyon goud.
Yon dènye jefò pou renouvle TPS (Stati Pwoteje Pwovizwa) pou Ayisyen. Plizyè politisyen Ayisyen Ameriken rankontre avèk palmantè Ameriken nan "Capitol Hill" nan Washington DC 12 fevriye 2025 pou jwenn apwi yo.
Plizyè Avoka ki gen kliyan yo nan dosye Asasinay Ansyen prezidan Jovenel Moïse la reyaji sou Deklarasyon Joseph Félix Badio fè devan Jij koudapèl yo.
Nan estad Cementos Progreso nan lakou Gwatemala, Ti mesye Eddy Cesar yo pase yon rakle a ekip Sen Vansan an pou premye match yo nan elimatwa mondyal kategori laj pi piti pase 17 lane.
Tou 2 branch gouvènman ayisyen an KPT a ak Primati a, prezante kondoleyans yo bay fanmi ak zanmi viktim etidyan, Massenat Lebelt, ki tonbe anba mal mawon, ayè madi 11 fevriye 2025 lan.
Aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, fè konnen li pase Premye Minis Fils-Aimé lòd pou li ranmase ak egzamine tout prèv ki gen pou wè ak moun Etazini, Kanada ak Nasyonzini te sanksyone pou wòl yo ta genyen nan destabilize peyi a.
Nan yon piblikasyon li fè sou kont X li (@martinejmoise) lendi 10 fevriye 2025 lan, Martine Moïse, ansyen Premyè dam peyi Dayiti a, mande Donald Trump pou l deklasifye dosye asasina Jovenel Moïse la.
Etazini kontinye bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) sipò pou l konbat ensekirite epi ranfòse kapasite l pou li fonksyone. Lendi 10 fevriye a, anbasad Etazini remèt yon pakèt ekipman lou ak zam bay PNH la pandan yon seremoni ofisyèl.
Load more