Nan yon entèvyou li t ap bay sou Magik9, madi 4 fevriye 2025 la, Joël Édouard Vorbe, manm komite egzekitif Fanmi Lavalas, deklare Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an chwazi fè tranzisyon an echwe.
Jeneral Godfrey Otunge, ki ap dirije misyon miltinasyonal la, di li gen konfyans l ap rive met lapat sou chèf gang yo k ap simen latwoublay nan peyi a.
200 nouvo polisye kenyan ateri, jodi jedi 6 fevriye 2025 lan, nan ayopò Toussaint Louverture, pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la nan jarèt y ap bay Polis Nasyonal Ayiti a pou elimine gang yo nan peyi a.
Misyon MSS an Ayiti rete yon priyorite pou gouvènman ameriken an. Tankou nenpòt lòt chanjman administrasyon nan yon gouvènman, gen kèk ajisteman ki dwe fèt. Men, nan kad revizyon 90 jou administrasyon ameriken an sou èd pou devlopman, misyon MSS la ap kontinye san okenn entèripsyon.
Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare ke Etazini Jele kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal Ayiti ki an tèt li peyi Kenya Ayiti a , Valerio Saint Louis Depi New York gen detay.
Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, mande Mario Andrésol pou l sipèvize operasyon sekirite k ap fèt kont bandi yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak depatman Latibonit.
Pou premye mwa dezyèm trimès egzèsis fiskal 2025-2026 la, Ladwann Ayiti rive kolekte 11,845,016,659 goud. Montan sila a depase previzyon 11,053,041,341 ministè Ekonomi ak Finans te fè a.
Yon kontenjan 70 ofisye Salvadoryen debake, jodi madi 4 fevriye a, nan ayopò Toussaint Louverture pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la nan kore lapolis nasyonal Ayiti nan batay kont gang yo.
Se premye gwoup rapatriye ki rive nan 'Aéroport International Cap-Haïtien' an, depi nouvo administrasyon Trump lan pran pouvwa a nan Washington.
Yon dirijan òganizasyon dwa moun Annayiti, mèt Camille Occius, mande gouvènman ameriken re-evalye politik migratwal vizavi peyi dayiti. Li fè demand sa a nan moman li t ap onore 15 finalis ak 3 loreya pa rapò ak dezyèm edisyon konkou nasyonal disètasyon sou pwoblematik kòripsyon an, Annayiti.
Load more