Premye Minis Ayisyen an oganize yon atelye travay ak oganizasyon dwa moun yo pou diskite sou kestyon tankou referandom konstitisyonel la ak eleksyon.
Menas depòtasyon konpatriyòt Ayisyen ki te vwayaje legalman ozetazini nan kad pwogràm Biden nan preyokipe lespri sèten politolog Ayisyen. Yo plede anfavè respè dwa migran yo.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, mande LONU panse ak yon Operasyon Mentyen Lapè pou Ayiti, nan yon kominike ki pote dat jedi 30 janvye 2025 la, yon jou aprè rankont li ak Prezidan KPT Ayiti a, Leslie Voltaire, nan palè Élysée a.
Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, aprè midi vendredi 31 janvye 2025 lan, nan Ayewopò Entènasyonal Okap la apre yon toune li te fè an Ewòp.
Ayiti ap fè fas ak yon ogmantasyon ensekirite. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé vizite PNH pou montre angajman li epi pwomèt mezi sevè pou ranfòse sekirite.
Plizyè dizèn fanmi nan Kenkòf chache refij lòt kote apre nèg ame non sèlman boule kay yo men tou touye kèk pami yo .
Direksyon Santral Polis Jidisyè mete anba kòd, ayè jedi a, direktè Kès Asistans Sosyal la (CAS an fransè), Elionor Devallon.
Pou mwa desanm 2024 lan, Repiblik Domininikèn rapatriye plis pase 17 mil Ayisyen epi refoule plis pase 4000 lòt, selon dènye rapò Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye yo (GARR)
Dapre responsab Ayisyen yo, gen plis pase 50,000 Ayisyen ki riske mouri si pwogram USAID finanse pou moun ki gen SIDA ak VIH sispann net.
Gwoup nèg ak zam te debake ak gwo zam fannfwa nan lendi maten, kraze brize, boule kay epi touye pou pi piti 40 abitan nan komin nan.
Nan yon interview li bay RFI, Leslie Voltaire revele gang yo rekile nan plizyè katye ak rejyon, tankou Delma 2 ak rejyon Latibonit la.
Jacques Nesi, yon Ayisyen ki gen anpil enfliyans nan vil Paris an Frans ofri solisyon pou avni peyi d Ayiti nan yon nouvo liv li fek sot pibliye.
Load more