Plizyè dizèn anplwaye Kès Asistans Sosyal (CAS) pran lari a jodi vandredi 7 fevriye a pou mande liberasyon direktè CAS la, Elionor Devallon, ki te jwenn arestasyon l 30 janvye ki sot pase la.
39 an apre echek diktati Jean Claude Duvalier a, 7 Fevriye 1986, sityasyon peyi d Ayiti vinn pi mal, dapre analis politik yo.
Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean vizite tou kontwòl ayewopò Toussaint-Louverture nan yon moman kote sektè aviyasyon an ap travèse yon gwo kriz.
Prezidan dominiken an, Luis Abinader deklare sitiyasyon Ayiti a se yon menas pou sekirite tout rejyon an ak tout Lèzetazini.
Anbasad Kanada an Ayiti ak Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC), bay Direksyson Polis Nasyonal Ayiti a plizyè dizèn machin touteren pou ranfòse kapasite pou PNH la mennen operasyon l yo.
Nan dènye rapò trimestriyèl "Bureau intégré des Nations-Unis en Haïti" (BINUH) mete deyò madi 4 fevriye 2025 lan, yo fè konnen gen 1732 moun ki mouri ann Ayiti nan katriyèm trimès ane 2024 la.
Nan yon entèvyou li t ap bay sou Magik9, madi 4 fevriye 2025 la, Joël Édouard Vorbe, manm komite egzekitif Fanmi Lavalas, deklare Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an chwazi fè tranzisyon an echwe.
Jeneral Godfrey Otunge, ki ap dirije misyon miltinasyonal la, di li gen konfyans l ap rive met lapat sou chèf gang yo k ap simen latwoublay nan peyi a.
200 nouvo polisye kenyan ateri, jodi jedi 6 fevriye 2025 lan, nan ayopò Toussaint Louverture, pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la nan jarèt y ap bay Polis Nasyonal Ayiti a pou elimine gang yo nan peyi a.
Load more