Premye minis peyi Dayiti, Alix Didier Fils-Aimé deklare si pa gen sekirite p ap ka gen ni referandòm ni eleksyon.
Nèg ak zam atake nan lannwuit 24 pou rive 25 fevriye 2025 katye Dèlma 30 nan Potoprens, Ayiti.
Nan entèvansyon li sou Magik9 vandredi 21 fevriye pase a, Rosy Auguste Ducéna di desizyon Koudapèl anfavè 3 konseye ki gen non yo site nan dosye koripsyon BNC a se yon desizyon lach.
Dimanch 23 fevriye 2024 la, Sendomeng anonse mezi li pran pou mete plis siveyans ak plis operasyon lapolis sou fwontyè l ak Ayiti.
Sendika Polis Nasyonal Ayiti a, SPNH-17 mande pi bon kondisyon travay, pi bon pwoteksyon ak ekipman pou ede polisye yo nan batay y ap mennen kont gwoup gang ki achte zòn metwopolitèn Pòtoprens la lajan kontan.
Kèk Atis Ayisyen Patisipe Nan Youn Nan Pi gwo Ekspozisyon Zèv Da Nan Vil Pari Nan Peyi Lafrans
Direkte Oganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti, OCNH mande administrasyon Trump la pou l revize desizyon li pran pou sispann TPS pou Ayisyen apati Out 2025.
Ayiti fè yon sèl bouche ak Beliz (4-0) nan kad 2èm match jèn Grenadyè yo pou premye faz elimanatwa mondyal fi U-20 yo.
Yon polisye Kenyan mouri, dimanch 23 fevriye 2025 lan, anba bal gwoup nèg ak zam, nan kad yon operasyon fòs lòd yo t ap mennen nan Ponsonde.
Gwoup Konpa Ayisyen Zenglen anonse gwo chanjman nan mitan djaz la pandan yon pèfomans nan Miami.
Nan Miami, Avoka imigrasyon Ayisyen Eddy Laguerre bay VOA Kreyol presizyon sou ekspirasyon TPS pou Ayisyen 3 Out, 2025. Li te pale ak Luckson Saint-Vil.
Load more