Accessibility links

 
Sendika Polis la Mande pi Bon Pwoteksyon ak pi Bon Kondisyon Travay pou Goumen Kont Gang yo
Breaking News

Sendika Polis la Mande pi Bon Pwoteksyon ak pi Bon Kondisyon Travay pou Goumen Kont Gang yo


A Haitian National Police (PNH) officer walks towards a hotel, designated as a quarantine facility for the coronavirus disease (COVID-19), in Port-au-Prince, Haiti.
A Haitian National Police (PNH) officer walks towards a hotel, designated as a quarantine facility for the coronavirus disease (COVID-19), in Port-au-Prince, Haiti.

Sendika Polis Nasyonal Ayiti a, SPNH-17 mande pi bon kondisyon travay, pi bon pwoteksyon ak ekipman pou ede polisye yo nan batay y ap mennen kont gwoup gang ki achte zòn metwopolitèn Pòtoprens la lajan kontan.

Nan yon sit-in devan Viladakèy, lendi 24 fevriye a, Garry Jean Baptiste, kowodonatè SPNH-17, egzije pou otorite k ap mennen bak peyi a pran oserye pwoblèm ensekirite a kap vale teren nan kapital la, kote gwoup nèg ak zam yo ap fè e defè.

Sit-in sendika polis yo te rasanble plizyè dizèn polisye an sivil ak pankat nan men k ap mande otorite yo ba yo pi bon ekipman, pi bon mwayen pou lapolis ka fè travay li kòmsadwa.

Pi lwen, Garry Jean Baptiste revele, anpil fwa polisye yo, ki se premye liy defans peyi a, pa jwenn salè yo a lè.

Kowòdonatè a pwofite mande pou responsab yo bay fanmi polisye ki mouri nan goumen ak bandi yo yon èd finansye.

Gen plizyè polisye ki pèdi lavi yo nan batay kont gang yo nan peyi a pandan ane 2025 la. Pami yo, yon sòlda fòs ame dAyiti te tonbe anba bal bandi nan Kenskòf. Yon Polisye kenyan mouri nan yon operasyon nan lokalite Savyen nan depatman Latibonit.

XS
SM
MD
LG