Responsab pwogram nan Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (RNDDH) rapousib pou l di desizyon sa a pa ede ditou nan lit k ap fèt kont koripsyon nan administrasyon piblik la.
Mèkredi ki te 19 fevriye 2025 la, Koudapèl te baze l sou pozisyon 3 konseye prezidansyèl yo (Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin) pou l te anile manda ki egzije yo parèt devan tribinal « droit commun ».