Nan konferans Pou laprès PNH la te bay madi 18 fevriye, lapolis anonse yo mete avi rechèch dèyè 2 ansyen palmantè ayisyen. Otorite yo akize ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine pou konplo kont sekirite nasyonal, finansman òganizasyon kriminèl ak konplisite nan asasina.
Nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la akize Joseph Félix Badio mande Koudapèl mete l fas a fas ak plizyè pèsonalite, pami yo reponsab RNDDH la Pierre Esperance.
L’UNESCO lanse yon pwogram sipò psikososyal pou jounalis ki viktim atak bandi yo te fè nan Lopital Jeneral 24 desanm 2024 la.
Nan konferans Pou laprès PNH la te bay madi 18 fevriye, lapolis anonse yo mete avi rechèch dèyè 2 ansyen palmantè ayisyen.
Jij enstriksyon Loubens Élisée mete yon manda dèyè ansyen minis Planifikasyon an, Aviol Fleurant, ki ta gen men l tranpe nan koripsyon.
Sektè medikal ayisyen an toujou sou chòk, 4 jou apre kowalisyon gwoup ame Viv Ansanm te met dife nan Lopital Jeneral. Sektè medikal la mande responsab leta yo pran tout dispozisyon pou anpeche jan de zak sa yo repete anndan peyi a.
Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 16 fevriye 2025 lan, Laprezidans esplike atak bandi yo sou baz Teleco a nan mòn Tranchan se yon zak lach ki pa dwe aksepte.
Yon militè fòs ame dAyiti ak 2 ajan BSAP mouri anba bal gwoup nèg ak zam ki te atake, yè dimanch la, komin Kenskòf.
Ayiti kalifye pou 20è edisyon mondyal timoun anba 17 an yo, apre viktwa (2-0) li ranpòte sou Gwatelma, yè dimanch 16 fevriye 2025 la.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pou evalye preparasyon pou referandòm ak eleksyon pi ta ane sa a. Pandan vizit sa a, li te mete aksan sou nesesite pou garanti sekirite pèp ayisyen an.
Sa fè 15 ane depi Atis Belo ak patnè li yo ap fè kè fanm ki fèmen nan prizon yo kontan chak 14 fevriye gras ak aktivite Fet Sen Valanten sa a ki pote nom Fanm a Aime.
Load more