Enspektè Vladimir jeneral Vladimir Paraison resevwa katouch la nan pye l, nan moman li t ap pote ranfò bay polisye komisarya Pòtoprens yo, ki te anba atak bandi yo.
Selon sa gouvènman ayisyen an fè konnen, Lavi Vladimir Paraison pa an danje nan. Chèf sekirite palè nasyonal la ap pran swen nan yon lopital nan peyi a.
Pi lwen, otorite yo afime yo "deplore" ensidan an yo di ki ranfòse detèminasyon yo pou kontinye goumen kont gang yo epi tabli sekirite nan peyi a..
Yon lòt bò, plizyè moun ki t ap viv nan kan ki sou channmas la, oblije kouri kite abri tanporè yo pou al pran refij yon lòt kote