Accessibility links

 
Operasyon nan Lewogàn : 5 Prezime Bandi Mouri nan Boukantay Kout Zam ak Lapolis
Breaking News

Operasyon nan Lewogàn : 5 Prezime Bandi Mouri nan Boukantay Kout Zam ak Lapolis


Haiti Security
Haiti Security

Senk (5) prezime bandi mouri nan boukantay kout zam ak Lapolis Nasyonal Ayiti, nan kad yon operasyon fòs lòd yo te mennen nan komin Lewogàn, lendi 24 fevriye 2025 la.

Nan kad operasyon gwo ponyèt inite espesyalize SWAT ak UTAG mennen nan zòn Bwa Lasal, otorite yo rive fè echèk ak gang yo ki te vle simen latwoublay nan komin Lewogàn.

Fòs lòd yo sezi 2 fizi M4 ak yon pistolè 9 milimèt ki te nan men bandi yo.

Polis Nasyonal Ayiti anonse yo ranfòse dispozitif sekirite a nan Lewogàn. PNH souliyen gen plizyè inite espesyalize ki vin ogmante prezans polisye yo nan komisarya Lewogàn nan.

N ap fè sonje, gwoup nèg ak zam te atake lokalite Lakolin, lendi ki sot pase a, pou eseye antre Lewogàn.

Lapolis te rive repouse atak gang yo.

XS
SM
MD
LG