Accessibility links

 
FMI di DGI, Ladwàn ak ULCC pa Gen yon Estrateji Klè pou Prevwa ak Lite Kont Koripsyon
Breaking News

FMI di DGI, Ladwàn ak ULCC pa Gen yon Estrateji Klè pou Prevwa ak Lite Kont Koripsyon


ULCC logo, An organisation ann Haiti that invloves un the fignht against corruptions in Haiti
ULCC logo, An organisation ann Haiti that invloves un the fignht against corruptions in Haiti

Fonds monétaire international (FMI) fè konnen mank kolaborasyon ant 3 antite leta sa yo (Direksyon jeneral enpo yo (DGI), Ladwàn ayisyèn ak Inite lit kont koripsyon (ULCC)) lakoz yo pa ka defini yon estrateji klè kou dlo kòk pou prevwa ak lite kont koripsyon nan peyi a.

FMI evoke tou kèk lòt faktè ki favorize koripsyon an tankou : Yon sistèm ki pa chwazi demateryalize dokiman yo ak dijitalize administrasyon yo malgre resous teknolojik ki disponib yo ; Yon fèb kilti transparans ki marande ak administrasyon fiskal ak dwanye yo, elatriye.

FMI raple ansanm faktè sa yo ak anpil lòt ankò kontinye gen yon enpak negatif sou pèfòmans Ladwàn ak tout DGI. Daprè òganizasyon an, sitiyasyon sa a lakoz yon trè fèb to presyon fiskal: PIB nominal la se sèlman 5,9% depi 5 dènye ane yo.

XS
SM
MD
LG