Plis pase 10 depite repibliken ak demokrat voye lè bay Prezidan Donald Trump ansanm ak Sekretè Deta sekitrite entryè ameriken an Kristi Noem konsènan dènye dezisyon administrasyon an sou dosye TPS Aysiyen an.
Avoka Eddy Laguerre ki se yon avoka imigrasyon kap travay Miami di desizyon administrasyon Trump la pran sou imigrasyon kapab poze deranjman pou anpil migran Ayisyen.
Nouvo règ ki pèmèt otorite Imigrasyon Ameriken yo poze arestasyon migran ilegal andedan legliz yo simen panik nan mitan kominote Ayisyen Nouyok la.
Premye Minis Britanik lan Keir Starmer rankontre ak Prezidan Donald Trump nan Mezon Blanch jodia. Rankont sa a, ki se premye reyinyon an pèsòn ant de lidè yo depi Trump te chanje politik Etazini konsènan Ikrèn, komès mondyal, ak Mwayen Oryan an.
Inyon Ewopeyèn di l "ap fè menm jan" si Etazini takse pwodui li yo 25% dapre sa minis fransè Ekonomi an, Eric Lombard, deklare bay AFP jedi, apre anons Prezidan Donald Trump fe pou di li pral aplike mezi sa a "byento".
Prezidan Donald Trump anonse pandan rankont li ak Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Mezon Blanch lan li pral vizite Wayòm Ini a "anvan lontan".
Prezidan Ameriken Donald Trump te resevwa Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Mezon Blanch lan Jedi 27 fevriye a, kote konvèsasyon diplomatik yo santre alantou lagè a nan Ikrèn entansifye.
Mezon Blanch mande mèkredi tout ajans federal yo pou yo prepare pou revokasyon fonksyonè yo pa-bann-e-pa-pakèt, nan kad efò pou "elimine pòs ki pa nesesè".
Load more