ARLINGTON, Va. (AP, AFP) — Yon avyon komèsyal American Airlines ki t ap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè militè ameriken pandan l tap ateri nan Ayewopò Nasyonal Ronald Reagan toupre Washington.
Imigran yo bloke nan Meksik tandiske chanjman politik Ozetazini lage dezòd nan biwo refijye yo. Detay: Jeanty Augustin Junior
Desizyon administrasyon Trump la pran pou kanpe asistans etranje ki te dispoze pou peyi toupatou nan mond lan kreye gwo ke sote nan peyi etranje.
Dekrè Prezidan Donald Trump siyen pou mete fen nan dwa moun genyen pou yo sitwayen ameriken depi yo fèt Ozetazini kòmanse yon deba legal e politik sou pouvwa egzekitif la fas ak 14yèm Amandman Konstitisyon an, ki garanti dwa sitwayènte pou nenpòt moun ki fèt sou tè ameriken.
Startup Chinwa DeepSeek kreye panik nan Wall Street apre yo bay rapò sou konbyen kòb yo depanse pou devlope pwodwi Entèlijans Atifisyèl yo a
Desizyon nouvo administrasyon Donald Trump lan pou jele finansman ki gen pou wè ak pwogram èd etranjè, bay enkyetid pou Ayisyen k ap viv ak jèm SIDA a nan san yo.
WASHINGTON, 28 Janv. (Reuters) — Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan Rwanda a, Paul Kagame, madi Washington "twouble anpil" akoz ogmantasyon konfli nan Repiblik Demokratik Kongo, sitou apre rebèl M23 ki gen sipò Rwanda pran vil Goma.
WASHINGTON (AP) — Administrasyon Trump la di li ofri konpansasyon lajan bay tout anplwaye federal ki chwazi kite travay yo apati semèn pwochèn — yon desizyon san parèy pou redui efektif gouvènman ameriken an rapidman.
WASHINGTON (AP) — Minis Defans Pete Hegseth wetire ajan ki tap bay jeneral Mark Milley pwoteksyon ansanm ak otorizasyon sekirite li. Milley se ansyen Chef Deta Majò jeneral Fòs ame amerikèn yo.
Madi, yon tribinal federal ameriken te blokle tanporèman desizyon administrasyon Trump la te pran pou jele plizyè milya dola èd gouvènman an bay.
Load more