Accessibility links

 
Ayiti: Sispansyon Èd Etranjè Ameriken an Bay Kè Kase pou Moun ki gen SIDA yo
Breaking News

Ayiti: Sispansyon Èd Etranjè Ameriken an Bay Kè Kase pou Moun ki gen SIDA yo


Desizyon nouvo administrasyon Donald Trump lan pou jele finansman ki gen pou wè ak pwogram èd etranjè, bay enkyetid pou Ayisyen k ap viv ak jèm SIDA a nan san yo.

Malad sa yo bezwen pran medikaman yo chak jou pou yo pa devlope jèm nan kò yo ki ka pote rezistans ak tretman y ap swiv la. Jèm rezistans sa yo ka lakoz yo bezwen plis medikaman ak plis lajan pou tretman yo.

Si èd ki vize moun ki gen SIDA yo kanpe definitivman, sa pral afekte anpil bidjè Ministè Sante Piblik pou pwochen ane fiskal la.

Enfòmasyon yo revele plis pase 80% fon ki disponib pou lite kont VIH/SIDA makonnen ak pwogram èd etranjè.

Done USAID (Ajans ameriken pou devlopman entènasyonal) yo revele Ayiti te resevwa pou ane 2024 la $420 milyon.

Nan $420 milyon sa a, genyen 57.62 milyon ki te rezève pou SIDA/VIH.

Administrasyon Trump la te voye yon memo chaje ak pawòl piman bouk Samdi (25 Janvye) bay plis pase 10,000 anplwaye USAID ki te ofri konsey pa rapò ak direktiv "kanpe travay" ki efektivman bloke tout asistans etranje Etazini toupatou nan mond lan.

Administrasyon an te mande pou USAID rejwenn jefò pou transfòme fason Washington debouse asistans nan mond lan ak politik "Amerik an Premye" Trump la.
Yo te menase pou pran "mezi disiplinè" kont nempòt ki moun ki pa okipe lòd yo pase a.

Memo sa a te choke gwoup imanitè ak kominote kap travay sou asistans devlopman toupatou nan mond lan. Tandiske direktiv la sanble afekte yon pakèt peyi, gen ensètitid pa rapò ak kijan yo pral mete l an aplikasyon.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters ak Associated Press

XS
SM
MD
LG