Prezidan Donald Trump resevwa nan La Mezon Blanch Marc Fogel yon sitwayen ameriken apre li te jwenn liberasyon li nan men otorite Ris yo.
Bilyonè Elon Musk, ke prezidan ameriken an Donald Trump te nonmen pou dirije Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) , defann aksyon depatman li Madi nan Mezon Blanch la, li deklare si yo pa koupe bidjè a, Etazini ap fè "fayit".
Aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, fè konnen li pase Premye Minis Fils-Aimé lòd pou li ranmase ak egzamine tout prèv ki gen pou wè ak moun Etazini, Kanada ak Nasyonzini te sanksyone pou wòl yo ta genyen nan destabilize peyi a.
Pap Franswa kondane madi desizyon prezidan ameriken Donald Trump pou l mete migran deyò an mas, li di politik sa a "pase diyite yo anba pye", epi li mande fidèl yo reflechi sou "lejitimite" yon politik konsa.
Premye minis Kanadyen an, Justin Trudeau, pwomèt madi peyi li pral bay yon repons "fèm epi klè" si Etazini mete frè ladwàn sou asye, "si sa nesesè", nan ka kote yon solisyon amikal pa mache.
Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, ap rankontre vis-prezidan Etazini JD Vance vandredi pandan Konferans Sekirite Minik la, daprè pòtpawòl lidè ikrenyen an te di AFP. Reyinyon sa a fèt pandan Washington ap pouse pou mete fen nan lagè ki gen prèske twa lane ant Ikrèn ak Larisi.
Etazini kontinye bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) sipò pou l konbat ensekirite epi ranfòse kapasite l pou li fonksyone. Lendi 10 fevriye a, anbasad Etazini remèt yon pakèt ekipman lou ak zam bay PNH la pandan yon seremoni ofisyèl.
Yon premye gwoup sitwayen venezyelyen Etazini mete deyò nan peyi a te ateri lendi 10 fevriye a nan aswè nan ayewopò Maiquetia, nan nò Caracas, dapre sa yon jounalis AFP te konstate.
Laperèz lakay migran Ayisyen yo nan Eta Florid, fè anpil ladan yo pa soti al pran plezi yo, sa ki gen konsekans sou aktivite bal ak lòt anbyans.
Donald Trump siyen yon dekrè lendi 10 fevriye a pou enpoze yon tarif 25% sou asye ak aliminyòm ki enpòte Ozetazini. Se dènye desizyon prezidan an pran nan lagè komèsyal li lanse kont plizyè peyi nan mond la.
Prezidan ameriken an, Donald Trump,di si tout otaj ki nan men Hamas yo pa retounen samdi a midi, li ta pwopoze pou anile sesefe a.
Depatman Jistis bay lòd pou pwokirè federal yo abandone akizasyon koripsyon kont Majistra New York la Eric Adams epi mete fen nan ankèt k ap fèt sou li a.
Load more