Sekretè deta ameriken an Marco Rubio k ap fè yon virewon nan amerik Santral la depi Samdi, rankontre Prezidan Kosta Rika a Rodriguez Chaves Robles yè Madi a kote li pran angajman pou Etazini sipòte system Defans Sekirite Sibènetik Kosta Rika a ak lit kont Narkotik.
Migran Ayisyen kap viv nan Sid Florid la, ap fonksyone nan laperèz, akoz operasyon depòtasyon administrasyon Trump lan lanse nan tout peyi a. Kolaboratè nou Luckson Saint-Vil pale ak kèk konpatriyot, lap prezante nou yon repòtaj…
Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.
Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare ke Etazini Jele kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal Ayiti ki an tèt li peyi Kenya Ayiti a , Valerio Saint Louis Depi New York gen detay.
Prezidan Ameriken Donald Trump te di Mèkredi 5 fevriye ke "tout moun renmen" pwopozisyon li fè pou pran kontwòl Gaza ak deplase Palestinyen yo malgre opozisyon Palestinyen ak anpil peyi nan Mwayen Oryan an ak atravè mond lan sou lide sila.
Mèkredi, yon jou apre Prezidan Donald Trump te anonse Etazini ap pran kontwòl teritwa Palestinyen an (Gaza) MezonBlanch di Lèzetazini "pa pral finanse rekonstriksyon Gaza".
Load more