Gouvènman ayisyen an anonse ekriven Frankétienne pral genyen yon antèman nasyonal. Seremoni an ap fèt jedi 27 fevriye 2025 lan, nan legliz Senpyè, Petyonvil.
Imigrasyon ak ekonomi te pami priyorite elektè ameriken yo lè yo te ale vote nan eleksyon jeneral 5 mwa novanm 2024 la. Men, kijan Ameriken yo santi yo kounye a sou eta ekonomi peyi a, yon mwa apre Donald Trump fin pran pouvwa a kòm prezidan?
Desizyon administration prezidan trump lan pou kanpe tps ayisyen yon nan mwa out 2025 lage anpil kè sote nan mitan kominote ayisyen an, ki menm si yo te konnen kesyon imigrasyon te ka vin pi konplike pat atann yo ak yon nouvèl konsa.
Pandan Majistra New York la, Eric Adams, t ap anonse yè lendi 24 fevriye 2025 la, ke abri pou migran “The Roosevelt Hotel” pral fèmen li te tou deklare ke li inosan pandan l t ap reponn kesyon sou akizasyon ki sou do l yo.
Anbasadè pwovizwa Etazini nan Nazyonzini Dorothy Shea, deklare vòt Konsèy Sekirite a te fè sou dosye Ikrèn ak sipò Larisi se te yon vòt "istorik".
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di li gen espwa lagè Larisi a nan Ikrèn ap pwoche dènye bout li, pandan li tap rankontre ak prezidan fransè a, Emmanuel Macron, sou twazyèm anivèsè envazyon Ris la.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di tarif sou Kanada ak Meksik ap kòmanse mwa pwochen.
Load more