Accessibility links

 
Ikrèn: Etazini Bat Bravo Pou Vòt Ki Fèt nan Nasyon Zini Sou Lagè Ikrèn nan
Breaking News

Ikrèn: Etazini Bat Bravo Pou Vòt Ki Fèt nan Nasyon Zini Sou Lagè Ikrèn nan


UN Ukraine
UN Ukraine

Anbasadè pwovizwa Etazini nan Nazyonzini Dorothy Shea, deklare vòt Konsèy Sekirite a te fè sou dosye Ikrèn ak sipò Larisi se te yon vòt "istorik".

Madam Shea te di "Nou mande tout eta manm yo pou yo rejwen Etazini pou pouse pou yon lapè dirab (...) e nou fyè dèske Konsèy Sekirite a te jis fè sa, apre adopsyon akò istorik sa a, yon etap enpòtan, sa se premye a nan twa ane" depi kòmansman lagè a nan Ikrèn.

Konsèy Sekirite a te adopte rezolisyon ameriken an ak 10 vòt anfavè, alòske Lafrans, Grann Bretay, Danmak, Lagrès ak Sloveni te chwazi pa vote.

Larisi te vote an favè apre rezolisyon ameriken an.

XS
SM
MD
LG