Daprè sekretèdeta kominikasyon an, Bendgy Tilias, desizyon sila a pran nan tètatèt ak fanmi atis la.
Avan antèman an ap gen yon sware omaj k ap òganize mèkredi 26 fevriye 2025 lan, nan otèl Montana. Seremoni sa a ap gen ladan li pwòch otè a ak kèk nan pèsonalite mond kiltirèl ak entèlektyèl la.
Frankétienne ki gen bon non li ki se Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent te fèt Ravin sèch nan lane 1936. Li te mouri 20 fevriye 2025 ki sot pase a.