Sekretè Deta ameriken, Marco Rubio, rive Tel Aviv byen ta samdi 15 fevriye a pou premye vizit li nan Mwayen Oryan an.
Prezidan Ameriken Donald Trump konkli yon seri kontra enèji ak defans ak Premye Minis Endyen an, Narendra Modi, yè Jedi a, pandan premye vizit li nan Mezon Blanch pou dezyèm manda Trump.
Nan somè Minik peyi Almay, Vis Prezidan Etazini an JD Vance chita pale ak Prezidan Ikrenyen an sou kijan yo ka jwenn yon akò pou kanpe gè ant Larisi ak Ikrènn lan
An Ayiti, fèt Sen valanten an pa twò diferan de lòt peyi yo. Nan makèt, nan lari, nan bak machann, chokola fè kenken. Aktivite kiltirèl, biznis yo santre anba tèm lanmou.
Vis-prezidan ameriken an, JD Vance, di Vandredi 14 fevriye a ke Washington ap chèche yon lapè "dirab" nan Ikrèn pandan premye rankont li ak Vladimir Zelensky, ki ap mande "yon plan" pou règleman konfli a anvan yo al fè nenpòt negosyasyon ak Larisi.
Biwo pwokirè federal Manhattan nan New York la , ki te mennen ankèt sou anpil ka ki sansib, pami yo ankèt sou majistra New York Eric Adams demisyone.
ALBANY, N.Y. (AP) — Yon Jij Texas kondane yon doktè New York pou l peye yon amann poutèt l te preskri konprime avòtman pou yon fanm ansent toupre Dallas nan youn nan premye defi Ozetazini ki vize pwoteje lwa ki te adopte nan eta demokrat yo kontwole kote avòtman legal.
MINIK – Chèf gouvènman ak lidè biznis yo ap rive nan Bayerischer Hof, kote Konferans Sekirite Minik la ap fèt.
Brigad Ezzedine al-Qassam, branch ame mouvman islamis palestinyen Hamas, konfime vandredi twa otaj Izrayelyen ap libere samdi nan Gaza, ladan yo gen youn ki te nan men alye li, Jihad Islamik lan.
Somè senk peyi arab yo, ki vize prepare yon repons pou plan prezidan ameriken, Donald Trump, ki prevwa deplase Palestinyen yo soti nan Fwontyè Gaza, ap fèt 20 fevriye, daprè sa yon sous saoudyen te di AFP.
Ikrèn ap negosye ak Larisi lè Kyèv, Washington ak alye yo rive jwenn yon pozisyon komen, daprè sa Prezidan ikrenyen Volodymyr Zelensky te deklare vandredi, pandan li fè remake Donald Trump pa gen yon "plan ki pare" pou fini ak lagè a.
TikTok retounen sou Apple Store ak Google Play preske yon mwa apre Prezidan Donald Trump te retade entèdiksyon li jiska 5 avril e li te asire ke konpayi tankou Apple ak Google pa ta dwe penalize pou distribye oswa kenbe aplikasyon Chinwa a nan sitèm yo.
Load more