Accessibility links

Breaking News

TikTok retounen sou Apple Store, Ak Google Play


FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo
FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo

TikTok retounen sou Apple Store ak Google Play preske yon mwa apre Prezidan Donald Trump te retade entèdiksyon li jiska 5 avril e li te asire ke konpayi tankou Apple ak Google pa ta dwe penalize pou distribye oswa kenbe aplikasyon Chinwa a nan sitèm yo.

Platfòm videyo kout popilè a, ke 170 milyon Ameriken ap itilize, te kòmanse retabli sèvis li yo yon semèn apre li te fèmen.

Trump te pwomèt pou rebali aksè anvan inogirasyon li 20 janvye 2025 la.


TikTok pa t reponn imedyatman ak yon demann Reuters pou kòmante sou retou aplikasyon mobil la sou paltfòm yo.
Mwa pase a, Trump te siyen yon dekrè ki ranvwaye entèdiksyon TikTok la pou 75 jou, sa ki pèmèt pwopriyetè konpayi a, ByteDance, kontinye tanporèman fonksyonman l Ozetazini.
TikTok te dezyèm aplikasyon ki plis telechaje Ozetazini pandan ane 2024 la, ak plis pase 52 milyon telechajman, dapre konpayi entèlijans sou mache “Sensor Tower”. Pami tout telechajman sa yo, 52% soti nan App Store.

XS
SM
MD
LG