Konseye pou Sekirite Nasyonal Etazini an, Mike Waltz, reponn kritik yo yè dimamch la sou plan prezidan Trump sigjere Etazini pran kontwòl teritwa Gaza a.
Prezidan Ikrèn ak Etazini ap chèche jwenn yon akò pou met fen nan lagè Ikrèn ak Larisi a. Sa ap fèt pandan lidè mondyal yo ap reyini semèn sa a nan Minik pou diskite sou plizyè sijè, pami yo sekirite Kyèv.
Ogmantasyon nan depotasyon ICE ap fe nan Nouyok, lakoz responsab Ayisyen nan vil la pran dispozisyon pou ede migran Ayisyen yo.
Yon delegasyon gouvènman an, ki gen tan tèt li minis enteryè a, Paul Antoine Bien-aimé te al Kenskòf pou vizite otorite lokal yo ak viktim nan zòn sa a— anviwon 2 semèn apre bandi te atake komin sa.
Prezidan ki sou pouvwa nan peyi Ekwatè a Daniel Noboa ak rival gochis li Luisa Gonzalez angaje nan yon match sere apre eleksyon prezidanyèl ayè dimanch la nan Ekwatè, sa ki soulve posiblite pou gen yon 2èm tou eleksyon nan peyi sa a ki divize e ki anba vyolans trafik dwòg.
Prezidan franse Emmanuel Macron mande moun ann Ewòp pou yo pare pou reponn posib tarif ke Donald Trump ka mete sou yo, se konsa Macron te pale nan yon emisyon ayè dimanch la sou chèn televizyon ameriken CNN.
Konseye sekirite nasyonal Prezidan Donald Trump lan, Mike Waltz, di kèk gwo ofisyèl administrasyon an ap vwayaje pou Ewòp semenn sa a.
Preske twa lane depi Prezidan Vladimir Putin te anvayi Ikrèn, twoup li yo ap fè pwogrè sou chan batay la. Kyèv ap lite ak mank sòlda ak zam. Epi nouvo prezidan ameriken an ta ka kanpe byento gwo èd militè Ikrèn ap resevwa.
NEW ORLEANS (AP) — Cooper DeJean, Josh Sweat ak defans fewòs Philadelphia Eagles yo anpeche Patrick Mahomes, Travis Kelce ak Kansas City Chiefs yo ranpòte yon twazyèm twofe Super Bowl youn apre lòt. Se te yon viktwa klè.
Load more