Accessibility links

 
Gaza : Dapre Gouvènman Fransè a, Deklarasyon Trump yo se yon "Danje pou Stabilite"
Breaking News

Gaza : Dapre Gouvènman Fransè a, Deklarasyon Trump yo se yon "Danje pou Stabilite"


Trump Netanyahu
Trump Netanyahu

Deklarasyon Donald Trump sou pwojè pou Etazini okipe Bann Gaza ak deplase Palestinyen k ap viv la yo "danjre pou stabilite ak pwosesis lapè a", se sa pòtpawòl gouvènman fransè a, Sophie Primas, te di mèkredi.

"Lafrans opoze totalman ak deplasman popilasyon yo." "Nou kenbe pozisyon nou ki se : pa gen deplasman popilasyon, chache yon trèv tanporè pou mennen nan yon pwosesis lapè ak yon solisyon pou de Eta, Izrayelyen ak Palestinyen." Se sa li te ajoute.

XS
SM
MD
LG