Accessibility links

 
Loreya Pri Oscar Gene Hackman, Madanm ni, Chyen yo Mouri Lakay yo
Breaking News

Loreya Pri Oscar Gene Hackman, Madanm ni, Chyen yo Mouri Lakay yo


Foto Achiv: Akte Gene Hackman te ranpote pri Oscar pou Meye Segon Wol Maskilen pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan mwad Mas 1993.
Foto Achiv: Akte Gene Hackman te ranpote pri Oscar pou Meye Segon Wol Maskilen pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan mwad Mas 1993.

Yon manda pèkizisyon lapolis pibliye endike loreya pri Oscar, aktè Gene Hackman, madanm ni ak youn nan chyen yo te finn mouri depi kèk tan lè yon jeran lakou te dekouvri kadav yo lakay koup la nan vil Santa Fe eta Nouvo Meksik.

Biwo Sharif Awondisman Santa Fe deklare Jedi yo jwenn kadav Hackman Mèkredi nan yon ti chanm kay la epi madanm ni, Betsy Arakawa limenm te nan yon twalèt bo kote yon chofaj.

Te gen yon bokal konprime ki te louvri epi medikaman epapiye toupatou sou yon kontwa tou pre Arakawa.

Otorite yo pa sispèk je delwayal, men yo poko devwale kijan koup la mouri. Lapolis di ankèt la ap rapousiv.

XS
SM
MD
LG