Accessibility links

 
Blakawout Ekonomik: Eske yon Boykotaj Pandan 24 Hè Pral Fè yon Diferans?
Breaking News

Blakawout Ekonomik: Eske yon Boykotaj Pandan 24 Hè Pral Fè yon Diferans?


Manifestan kenbe pankat pandan yon miting politik pou fe piblisite pou yon blakawout ekonomik Mekredi 26 Fevriye nan Las Vegas.
Manifestan kenbe pankat pandan yon miting politik pou fe piblisite pou yon blakawout ekonomik Mekredi 26 Fevriye nan Las Vegas.

Yon òganizasyon sosyete sivil ap ankouraje sitwayen Ameriken pou yo pa depanse okenn lajan Vandredi.

The People's Union USA (Inyon Pèp Ameriken an) dekri aktivite a tankou "rezistans ekonomik" pou pwoteste sa fondatè gwoup la konsidere tankou enfliyans malen milyadè yo, gwo konpayi yo ak tou le 2 gwo pati politik yo nan lavi klas travayè Ameriken an.

Gwoup la di boykotaj 24 hè depans la fikse pou tanmen a minui antanke "blakawout ekonomik", ki se yon pawòl ke yo pataje epi fè deba sou li sou rezo sosyal yo.

Gen lòt aktivis ak lidè relije k ap òganize boykotaj pou pwoteste kont konpayi ki deside vag sou politik divèsite, ekite ak enklizyon yo epi pou opoze mezi Prezidan Donald Trump ap pran pou aboli tout pwogram ak politik federal ki pwomouvwa divèsite (DEI).

XS
SM
MD
LG