"Militè yo dyagnostike ki gen pwoblèm aksepte sèks yo fèt avè l la, oswa ki montre sentòm ki koresponn ak sa, yap wetire yo nan sèvis aktif," selon nòt la, nan kad yon pwosedi jidisyè.
Nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump, te deja siyen yon dekrè nan fen janvye ki entèdi rekritman moun trans nan lame a, yon desizyon ki an litij nan tribinal.
Nòt ki fèk parèt la revele kounye a, moun trans ki deja nan lame a riske tou pou yo mete yo deyò nan sèvis aktif.
Se sèlman kèk eksepsyon "ka pa ka", ki jistifye yon "gwo enterè gouvènman an" pou kenbe kèk manm nan lame a, ke yo ka akòde, dapre dokiman an.
Pou yon moun jwenn yon eksepsyon konsa, li dwe montre li pa janm eseye chanje sèks epi li te pase "36 mwa youn apre lòt nan yon sitiyasyon ki estab" sou plan sosyal ak pwofesyonèl, dapre tèks la.
Pou rekritman, kapab gen eksepsyon tou si gen yon "gwo enterè gouvènman an" pou kandida sa yo rantre nan lame a.
Anplis, yo dwe montre yo "vle epi kapab respekte tout règ ki aplikab yo, san bliye règ ki gen rapò ak sèks kandida a".
Nouvo mezi sa yo ta dwe kòmanse aplike nan 30 jou, dapre dokiman an.