COLLIN T. ZIER, 39 lane, ki rete nan Lena, Illinois, anba akizasyon kòmkwa li fè pwodiksyon pònografi sou timoun, transpò pònografi sou timoun, li resevwa pònografi sou timoun, ak posede pònografi sou timoun.
Gouvènman an kondane atak gwoup nèg ak zam yo fè sou Radyo Televizyon Karayib la, yon medya k ap sèvi popilasyon an depi plizyè dizèn lane.
Sitwayen k ap viv nan Pòtoprens dòmi yon je ouvri yon je fèmen, ayè jedi a, akoz atak ak menas gwoup gang yo sou plizyè katye nan kapital la, ladan yo Kafou Fèy.
10 mwa aprè premye kontenjan peyi Kenya te debake ann Ayiti, nan objektif pou ede retabli lapè ak konbat gang ak zam k ap feraye, popilasyon Ayisyen an toujou konfyan sou travay misyon miltinasyonal, sipò ak sekirite a.
Pòtoprens, Ayiti (AP) — Yon kowalisyon gang lanse nouvo atak nan Pòtoprens, pandan lapolis fè sèman pou met lòd nan dezòd kont mesye ame yo.
Gwoup nèg ak zam mete dife nan lokal radyo televizyon karayib ki twouve l nan ri Chavàn, nan Pòtoprens. Ensidan sa rive nan lannuit 12 pou rive 13 mas 2025 lan.
Polis nasyonal Dayiti (PNH) t òganize yon konferans pou laprès pou yon bilan sou tout dènye operasyon l yo, atravè peyi a. Konferans sa a te dewoule mèkredi 12 mas 2025 lan, nan Direksyon nasyonal santral polis jidisyè a (DCPJ).
Sitwayen k ap viv nan divès katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ap mete presyon sou KPT a ak gouvènman an pou fòse yo rezoud pwoblèm gang ki anvayi kapital la.
Pandan l t ap entèraji sou Magik9, lendi 10 mas 2025 lan, Delege Depatmantal Sant lan, Frédéric Occéan, fè konnen gen plizyè kagezon sispèk ki disparèt nan dwàn Beladè a.
Minis Enteryè peyi Dayiti, Paul Antoine Bien-Aimé, enstale nouvo Komisyon Nasyonal Dezameman ak Reyensèsyon an (CNDDR), lendi 10 mas 2025 lan.
Soti bò 5è nan aprèmidi jiska 9è nan aswè, sititiyasyon an te malouk nan katye Kafou fèy, ki sibi yon lòt fwa ankò atak gwoup gang yo, jou madi 11 mas 2025 la.
Sipòtè Prezidan Fritz Alphonse Jean nan Okap espere li pral batay pou chanjman nan peyi dAyiti.
Load more