Akizasyon pou pwodiksyon pònografi sou timoun nan pote yon santans minimòm obligatwa 15 an prizon federal, ki ka rive jiska 30 lane. Akizasyon pou transpò ak resevwa pònografi sou timoun, yo chak genyen yon santans minimòm obligatwa 5 an ak yon maksimòm 20 an. Akizasyon pou posesyon pònografi sou timoun ka mennen jiska 10 an prizon.
Se Morris Pasqual, Komisè Gouvènman pwovizwa pou Distri Nò Illinois, ak Douglas S. DePodesta, Ajan Espesyal-an-Chèf FBI nan Chicago ki anonse akizasyon sa yo. Biwo Cherif Stephenson County a te bay asistans nan ankèt la. Jonathan S. Kim, Asistan Komisè federal te reprezante gouvènman an.
Piblik la dwe sonje ke yon akizasyon pa vle di moun nan koupab. Lajistis konsidere akize a kòm inosan epi li gen dwa pou l jwenn yon jijman jis kote gouvènman an dwe pwouve kilpabilite l san okenn dout rezonab.