Sekretè Deta Ameriken-an Marco Rubio prensipal reprezantan Etazini nan chita-tande ant Ikrenyen ak Ameriken nan Djeda nan Arabi Sawoudit kote yo debouche sou yon seselfe.
Ranfòse souvrènte ak pini enjerans: Meksik adopte yon nouvo refòm nan Konstitisyon li madi an repons a desizyon Prezidan Ameriken Donald Trump pou mete sis katèl meksiken sou yon lis òganizasyon "teworis".
Depatman Edikasyon ameriken an di yè madi a li ta revoke prèske mwatye anplwaye li yo, yon posib kòmansman pou fèmen tout pòt li
Chita pale sou tarif ak krent enflasyon kap boulvèse mache labous la lendi ak yè madi a, epi se te yon jounen replik kif-kif ant prezidan Donald Trump ak Premye Minis pwovens Ontario a nan Kanada, Doug Ford.
Arestasyon etidyan ki se yon militan palestinyen ki tap patisipe nan manifestasyon nan Columbia Inivèsite lakoz plizyè lòt manifestasyon devan tribinal Manhattan.E
BRISÈL (AP) — Inyon Ewopeyèn te anonse pwòp mezi li yo, li di yo pral antre an fòs apati premye avril, apre administrasyon Trump lan ofisyèlman ogmante tarif sou tout enpòtasyon asye ak aliminyòm pou rive nan 25%.
Otorite kanadyen yo fè konnen yo pral enpoze nouvo tarif sou sèten pwodwi ameriken apati jedi 13 mas la, an repons ak tarif sou asye ak aliminyòm " administrasyon Trump la mete sou Kanada.
Tarif 25% Donald Trump te mete sou asye ak aliminyòm te antre ann anplikasyon mèkredi a 00:01 (04:01 GMT), sa ki make yon nouvo etap nan lagè komèsyal la ant Etazini ak prensipal patnè komèsyal li yo.
Apre deklarasyon prezidan ameriken an Donald Trump pou “Kanada vin yon 51nyèm Eta”, sekrètè deta ameriken an Marco Rubio, ki ap asiste reyinyon G7 yo nan Kebèk, Kanada, di yo pa pral debat sijè sila a nan reyinyon an.
Load more