Accessibility links

 
Ajans Ameriken ki Siveye Tan an Pral Revoke yon Lòt 1,000 Anplwaye Dapre sa yon Sous di AP
Breaking News

Ajans Ameriken ki Siveye Tan an Pral Revoke yon Lòt 1,000 Anplwaye Dapre sa yon Sous di AP


Manifestan Susie House, devan, ak David Hill kenbe pankat pandan y ap pwoteste ak plizye santen lot moun devan kanpis Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfe a nan Boulder, Kolorado, 3 Mas, 2025.
Manifestan Susie House, devan, ak David Hill kenbe pankat pandan y ap pwoteste ak plizye santen lot moun devan kanpis Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfe a nan Boulder, Kolorado, 3 Mas, 2025.

Plizyè sous di ajans nouvèl Associated Press ke Administrasyon Trump la ap tanmen yon lòt seri revokasyon enplwaye. Fwa sa a, plis pase 1,000 moun kap travay nan ajans ki jere meteyo a, oseyan an ak pechri yo vize.

NOAA, Administrasyon Nasyonal Oseyanik ak Atmosferik la tanmen Madi (11 Mas) plan pou revoke 10% fòs travay aktyèl li, dapre sa sous andedan ak andeyò ajans la fè konnen.

Pou kounyea, NOAA anvizaje elimine 1029 anplwaye.

Chif sa a ajoute sou prèske tout nouvo anplwaye ajans la te revoke mwa pase a.

Apre nouvo seri rediksyon sa yo, NOAA va finn elimine apepre youn sou 4 djòb ki te egziste anvan Prezidan Donald Trump te monte sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG