Fonksyonè nan ministè a te anonse rediksyon yo madi, sa ki kreye dout sou kapasite enstitisyon an pou l kontinye travay jan sa te konn fèt avan.
Administrasyon Trump la te deja voye anpil anplwaye ale, swa li te ofri yo lajan pou yo pran retrèt anvan lè, swa li te revoke moun ki te sou pwobasyon yo.
Apre seri revokasyon madi a, responsab Edikasyon nasyonal yo di efektif ministè a pral apeprè mwatye nan 4 mil 100 anplwaye li te genyen anvan sa.