Accessibility links

 
Medam Toupatou nan Mond lan Fete Jounen Entènasyonal Fanm yo
Breaking News

Medam Toupatou nan Mond lan Fete Jounen Entènasyonal Fanm yo


Medam yo pran foto selfie pandan yap patisipe nan yon selebrasyon Jounen Entenasyonal Fanm yo nan St. Petersburg, Larisi, 6 Mas, 2025.
Medam yo pran foto selfie pandan yap patisipe nan yon selebrasyon Jounen Entenasyonal Fanm yo nan St. Petersburg, Larisi, 6 Mas, 2025.

Medam toupatou nan mond lan pral mande menm salè ak mesye yo, dwa pou fè pitit oubyen jete pitit, edikasyon, jistis ak pòs kote yo ka pran desizyon enpòtan pandan manifestasyon pou make Jounen Entènasyonal Fanm yo.

Nasyonzini te rekonèt jou a ofisyèlman an 1977 e yo komemore l diferan fason nan peyi atravè mond lan.

Gen manifestasyon ki planifye nan vil soti depi Tokyo pou rive Meksiko Siti. Tèm selebrasyon an ane sa a se "Akselere Aksyon".

Fèt la tonbe nan moman kote anpil aktivis gen kè sote dèske anbyans politik aktyèl la taka lakoz anpil dwa yo goumen pou jwi pral elimine.

Youn pami 4 peyi te rapòte reprezay kont moun kap defann dwa medam yo ane pase a, dapre done LONU pibliye.

XS
SM
MD
LG