Senatè Repibliken Ted Cruz, ki reprezante eta Texas nan Sena Etazini, di prezidan Trump te fè yon konkennchen diskou devan 2 chanm Kongrè a madi 4 mas 2025 la. Sete premye diskou prezidan an devan kongrè ameriken an nan komansman dezyem manda li.
Nan eta Kawolin di No, Akademi Durham Mwen ap travay ak imigran kap viv nan konte Durham pou ranseye sou dwa yo antanke moun k ap viv Etazini.
Otorite Greenland ak Panama reyaji apre diskou Prezidan Donald Trump lan devan Kongrè Etazini a Reyini. Detay : Jeanty Augustin Junior.
Palmante Demokrat ak repibliken di VOA Kreyol yo vle e swete administrasyon Trump lan pi bien analize desizyon li pran pou kanpe extansyon TPS pou Ayiti a. Depite Repibliken Byron Donalds di kominote ayisyen lan pran pasyans. James Pierre te pale ak palmantè yo
Se yon nouvo senate fanm ki te reponn diskou Prezidan Donald Trump pou pati Demokrat la. Sandra Lemaire gen detay.
Prezidan Donald Trump sèmante pou l kontinye pouse pou pi devan ak kanpay "aksyon rapid ak enplakab" pou re-oriyante ekonomi peyi Etazini, imigrasyon ak politik etranje. Trump fè deklarasyon sa a pandan yon diskou devan yon sesyon konjwen Kongrè a pou pèp Ameriken an.
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Pap Franswa, ki entène lopital pou yon nemoni nan tou de poumon li, "repoze byen pandan nwit la" epi li reveye "yon ti tan apre 08:00" (07:00 GMT), se sa Vatikan anonse mèkredi maten nan yon kominike tou kout.
"Nou pa vle ni Ameriken ni Danwa, nou se Gwoennlandè," se sa Premye Minis Múte B. Egede te di mèkredi kòm repons sou nouvo deklarasyon Donald Trump sou anvi li pou Etazini anekse teritwa otonòm dànwa a.
Prezidan Volodymyr Zelenskyy te di madi li vle "ranje bagay yo" ak Donald Trump epi travay anba "gran lidèchip" prezidan ameriken an pou asire yon lapè dirab nan Ikrèn.
Load more