Accessibility links

 
Senatè Ted Cruz Bat Bravo pou 'Kokennchen' Diskou Prezidan Trump Fè Devan Kongrè a
Breaking News

Senatè Ted Cruz Bat Bravo pou 'Kokennchen' Diskou Prezidan Trump Fè Devan Kongrè a


Senate Aviation
Senate Aviation

Senatè Repibliken Ted Cruz, ki reprezante eta Texas nan Sena Etazini, di prezidan Trump te fè yon konkennchen diskou devan 2 chanm Kongrè a madi 4 mas 2025 la. Sete premye diskou prezidan an devan kongrè ameriken an nan komansman dezyem manda li.

Nan mikwo jounalis VOA Kreyòl James Pierre senatè Texas la deklare “Se te yon konkennchen diskou, se yon bon siy, gen anpil bon bagay ki pral vini.”

Prezidan ameriken an pandan diskou li te pale sou plizyè sijè tankou: imigrasyon, tarif, ak lagè Ikrèn nan.

Tarif

Trump te mete aksan sou tarif li te enpoze Madi kont peyi Lachin, ak vwazen Etazini yo - Meksik ak Kanada. 3 pi gwo patnè komèsyal Ameriken sa yo menase pou yo replike kif-kif, sa ki lakòz mache finansye yo te tonbe fas ak gwo enkyetid ki genyen pou yon nouvo lagè komèsyal pa deklannche.

Ikrèn

Nan kòmansman semèn sa a, Trump te sispann èd militè pou Ikrèn, apre reyinyon byen chofe ki te fèt nan Biwo Oval la semèn pase a ak Prezidan Volodymyr Zelenskyy sou yon akò ki ta dwe bay Etazini dwa sou minero ra ki nan Ikrèn.

Senatè Texas la te kritike tou konpòtman Demokrat yo pandan diskou Prezidan Trump la, kote li di “yo pa dispoze aplodi lapè ”

Imigrasyon

Trump te bay tèt li kredi pou kantite imigran ki travèse ilegalman fwontyè sid Etazini.

"Medya yo ansanm ak zanmi nou yo nan Pati Demokrat la te kontinye di nou bezwen yon nouvo lwa pou sekirize fwontyè a—men an reyalite tout sa nou te reyèlman bezwen se yon nouvo prezidan."

Opozisyon

Senate Elissa Slotkin (Demokrat Michigan) te bay repons pati Demokrat la sou diskou Prezidan Donald Trump devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini, 4 Mas, 2025.
Senate Elissa Slotkin (Demokrat Michigan) te bay repons pati Demokrat la sou diskou Prezidan Donald Trump devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini, 4 Mas, 2025.

Opozisyon an atrave senatè Demokrat Elissa Slotkin te kritike diskou ak ajanda prezidan an parapò ak pozisyon administrasyon an sou lagè Ikrèn nan. Li te deklare "Sèn sa a ki te pase nan Biwo Oval la pa t sèlman yon move epizòd nan yon feyton televize. Li te fe wè aklè apwòch Trump genyen sou mond lan. Li kwè fok ou vin byen ak diktatè tankou Vladimir Putin epi choute sou zanmi nou yo… tankou Kanadyen yo. Li wè lidèchip Ameriken an kòm senpleman yon seri tranzaksyon byen imobilye."

XS
SM
MD
LG