Plizyè santèn manifestan te rasanble devan tribinal federal nan Manhattan, Nouyòk yè Mèkredi a, pou mande liberasyon etidyan Inivèsite Columbia Mahmoud Khalil ke ajans ICE te arete poutet li te patisipe nan manifestasyon pro palestinyen.
Jefò administrasyon Trump la pou l mete fen nan gè Larisi ap mennen ann Ikrèn nan mete presyon sou Kremlen an. Dapre korespondan VOA a nan Moskou, Kremlen di lap fè konsesyon sou teritwa li deja sezi e kèk sitwayen Ris deklare yo pa pare pou ale an sans sa a.
Prezidan Trump avèti Inyon Ewopeyen sou tarif represay li anonse kont tarif 25% Etazini enpoze sou Asye ak Aliminyòm
Nan yon konferans pou laprès li bay mèkredi 13 mas la, Lionel Lazarre, fè konnen lapolis p ap fè back, Lapolis ap rive sou gang yo.
Etazini voye tounen soti nan baz li nan Guantanamo, Kiba, 40 dènye migran ki te nan detansyon, pou mennen yo nan Eta Louisiana (sidès peyi a), daprè sa yon responsab nan Ministè Defans lan anonse mèkredi.
Lucas Hunter, yon Franko-Ameriken 37 lane, nan prizon nan peyi Venezyela depi kòmansman mwa janvye a, daprè sa sè li Sophie te di AFP mèkredi.
Trèv pou 30 jou nan Ikrèn, prezidan ameriken Donald Trump pwopoze, ta bay lame Ikrenyen an "yon soulajman" pandan li an difikilte sou fwon an, daprè sa konseye diplomatik Vladimir Putin lan te denonse jedi.
Prezidan Meksiken an, Claudia Scheinbaum, di mèkredi li ap tann jiska 2 avril pou konsidere mezi resipwòk kont taks ladwàn ameriken sou asye ak aliminyòm ki antre an aplikasyon mèkredi sa a.
Jedi 13 mas 2025 la, Prezidan Donald Trump menase Lafrans ak Inyon Ewopeyen pou enpoze 200% dwa ladwàn sou chanpay, diven ak lòt alkòl yo si Inyon Ewopeyen pa retire tarif 50% li pare pou mete sou wiski Ameriken yo.
Sekretè Deta Ameriken-an Marco Rubio prensipal reprezantan Etazini nan chita-tande ant Ikrenyen ak Ameriken nan Djeda nan Arabi Sawoudit kote yo debouche sou yon seselfe.
Load more