Prezidan Donald Trump ap pwononse yon diskou devan Palman Etazini yon mwa apre li monte sou pouvwa a epi fè gwo chanjman nan gouvènman federal la.
Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo.
Dapre Lamezon Blanch Prezidan Donald Trump pral pwomèt yon "renouvèlman rèv ameriken an" madi nan premye diskou li devan Kongrè a apre li fin retounen sou pouvwa a.
Prezidan Donald Trump pase lòd Lendi pou "kanpe" asistans Etazini pou Ikrèn apre yon rankont nan Biwo Oval la kote li te twoke pawòl piman bouk ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy.
Nan yon entèvyou esklisiv ak sèvis Ikrenyen Lavwadlamerik, Vis Prezidan Etazini JD Vance pale sou desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l kanpe asistans pou Ikrèn.
Premye minis polonè a, Donald Tusk, te di madi blokaj Etazini sou èd militè pou Kyèv la vizib nan sant lojistik peyi a, kote yo transfere zam ak èd imanitè pou vwazen yo, Ikrèn.
Jwenn garanti sekirite ameriken gen "yon enpòtans egzistansyèl" pou Kyèv, men tou pou Inyon Ewopeyèn nan, se sa Premye minis ikrenyen an, Denys Shmyhal, te fè konnen madi, pandan Mezon Blanch te anonse sispansyon èd militè li bay Ikrèn.
Randman aksyon ak obligasyon yo tonbe madi, pandan envestisè atravè lemond t ap chèche pwoteksyon apre Etazini frape Kanada, Meksik ak Lachin ak tarif sevè, ouvè nouvo konfli komèsyal ak twa pi gwo patnè komèsyal li yo.
Load more