Responsab yo nan Mezon Blanch di tèm diskou a se “Yon Nouvo Rèv Ameriken,” l ap fèt a 9:00 PM (0200 GMT mèkredi), e yo te pataje enfòmasyon sa a sou rezo sosyal yo.
Diskou Trump la nan Kapitòl la fèt 4 lane apre plizyè endividi te pran bilding nan daso apre rezilta eleksyon 2020 yo.
Administrasyon Trump la te pran desizyon pou redwi kapasite ajans federal yo, li revoke plizyè milye anplwaye nan sistèm gouvènman an, mete fen nan pwogram divèsite yo, li kòmanse arete imigran san papye yo e transfere yo nan baz militè ameriken nan Guantanamo Bay nan peyi Kiba.