Accessibility links

 
Yon Franko-Ameriken nan Prizon Venezyela Depi 2 mwa
Breaking News

Yon Franko-Ameriken nan Prizon Venezyela Depi 2 mwa


Venezuela Election Protest
Venezuela Election Protest

Lucas Hunter, yon Franko-Ameriken 37 lane, nan prizon nan peyi Venezyela depi kòmansman mwa janvye a, daprè sa sè li Sophie te di AFP mèkredi.

Sophie te vwayaje Washington pou pale ak otorite ameriken yo, ki di detansyon li a "enjis".

"Li pa fè anyen mal, li pa yon militan politik, li pa gen okenn afilyasyon militè... Li te jis nan move plas nan move moman," se sa sè a eksplike sou frè li, ki bloke nan yon sitiyasyon diplomatik konplike.

"Nou pa gen okenn prèv li vivan," sè a di ak kè sere. "Ni otorite fransè, ni otorite ameriken yo pa konnen kote Lucas ye."

Dapre sa fanmi li rakonte, ajan venezelyen yo te arete l 7 janvye sou fwontyè Kolonbi ak Venezyela pandan li tap vwayaje pou fè kaytsèf (Kitesurf).

Lucas Hunter pa t reyalize li te apwoche fwontyè a epi, lè li remake sa, li eseye fè bak pou li ale, men ajan fwontyè venezyelyen yo te travèse an Kolonbi pou arete l, daprè sa fanmi an ekri sou sit entènèt yo mete sou pye pou mande liberasyon li.

Yon jou aprè arestasyon li, li te voye yon mesaj pou di li espere yo libere l byento. "Epi depi lè sa, nou pa gen okenn nouvèl," Sophie esplike.

Semenn pase a, li aprann frè li sou yon lis kèk Ameriken Washington konsidere kòm "detni enjisteman" nan Venezyela.

Otorite Depatman Deta li te rankontre mèkredi "ap travay seryezman sou ka a," li di.

Lucas Hunter, ki travay nan finans nan Lond, te vize paske li gen yon paspò ameriken, daprè sa sè li kwè. Pou li, arestasyon sa a "politik".

XS
SM
MD
LG