Etazini taka ajoute Ayiti sou lis peyi ki anba "Entèdiksyon Vwayaj" (Travel Ban) dapre sa jounal Miami Herald rapòte.
Miami Herald rapòte nan le pase entèdiksyon vwayaj Etazini te sispann endefiniman viza imigan ak non-imigran pou peyi ki te sou lis la men chak peyi te fè fas ak restriksyon presi.
VOA mande Depatman d Eta si vreman vre li anvizaje mete Ayiti sou yon lis konsa e poukisa.
Nan yon repons li voye bay VOA Kreyòl pa email, yon pòtpawòl Depatman d Eta di vreman vre, y ap revize tout pwogram viza yo, pou reponn yon dekrè Prezidan Donald Trump te pase ki mande pou yo "Pwoteje Etazini Kont Menas Sekirite." Dekrè 14161 deklare fòk pwosesis apwobasyon viza pou etranje ki vle vwayaje Ozetazini asire etranje sa yo pa poze menas pou sekirite nasyonal la.
Depatman d Eta di li "pa fè kòmantè sou diskisyon entèn ni kominikasyon ant anplwaye li yo."
Sepandan, pòtpawòl la souliyen tout moun ki aplike pou viza pou antre Etazini fè fas ak yon pwosesis konplè kote yo egzamine divès done sekrè ak sa ki pa sekrè ke ajans gouvènman Ameriken yo genyen pou asire responsab konsila yo kapab verifye idantite moun kap aplike pou viza a, epi detèmine si l taka poze yon menas pou sekirite nasyonal Etazini.
Depatman d Eta di apre yo finn akòde viza yo, benefisye yo fè fas ak egzaminasyon tanzantan pou asire yo toujou elijib pou viza.