Depatman Jistis Etazini kite tonbe yon pwosè dwa sivil kont konpayi nasyonal ki pa dèyè benefis ki rele Southwest Key Programs. Yo te akize konpayi sa a kom kwa anplwaye li yo te abize seksyèlman migran minè ki tap vwayaje san paran yo, ke yo te mete nan abri konpayi a apre yo te bare yo ap chankre Etazini ilegalman.
Southwest Key gen baz li nan vil Austin, eta Texas e li gen kontra ak gouvènman federal la pou pran swen jèn migran ki fèk rive Etazini san paran yo ni okenn gadyen legal. Li opere 27 abri nan eta Texas, Arizona ak Kalifoni. Li se pi gwo konpayi ki jere abri pou minè ki pa akonpaye yo.
Depatman Jistis Etazini te asiyen konpayi sa a nan mwad Jiyè 2024 epi akize l de yon "seri" ensidan "arsèlman seksyèl sevè" ki date jiska omwens 2015.
Dosye legal la gen ladann ka "abi seksyèl sevè, vyol, solisitasyon zak seksyèl, solisitasyon foto toutouni, antant pou relasyon seksyèl ki pa apwopriye, komantè ak jès seksyèl."
Depatman an deside kite dosye a tonbe apre Depatman Sante Piblik ak Sèvis Imen Etazini te sispann mete timoun migran ki pa akonpaye yo nan abri Southwest Key opere epi tanmen yon revizyon lajan li bay oganizasyon sa a dapre sa ki nan yon not pou laprès ki pibliye Mèkredi (12 Mas). Depatman Jistis la di li transfere tout timoun ki te nan abri Southwest Key yo nan lot abri kounyea.