Vis Prezidan Etazini JD Vance al vizite fwontyè peyi a pataje ak Meksik pou montre kijan arestasyon migran ilegal yo bese drastikman depi Prezidan Donald Trump pran pouvwa a.
Vance di sityasyon an amelyore paske Trump egzije pou gouvènman an priyorize kestyon imigrasyon an yon fason ansyen Prezidan Joe Biden pat janm fè.
Vance te gen avè l Sekretè Defans Pete Hegseth ak Direktris Ransèyman Nasyonal Tulsi Gabbard nan moman li te vizite nan avyon zon ozalantou Eagle Pass, Texas.
Yo te vizite tou yon enstalasyon Gad Fwontyè epi fè chita tande ak Gouvènè Texas Greg Abbott, responsab nasyonal, eta a ak lokal.
Vance di Trump mande pou tout gouvènman an "pran kestyon kontwole fwontyè a o serye."