Accessibility links

 
Avoka ap Mennen yon Pwosè pou Anpeche 10 migran Antre nan Guantanamo Bay
Breaking News

Avoka ap Mennen yon Pwosè pou Anpeche 10 migran Antre nan Guantanamo Bay


Newly erected holding tents for detained migrants are seen at Naval Station Guantanamo Bay
Newly erected holding tents for detained migrants are seen at Naval Station Guantanamo Bay

Kèk avoka dwa sivik ap mennen yon pwosè kont administrasyon Trump la pou anpeche transfè 10 migran otorite yo te arete Ozetazini ale nan Guantanamo Bay, Kiba.

Yo depoze dosye a samdi ansanm ak deklarasyon kèk nèg ki te deja fèmen nan baz naval la, ki di yo te sibi move tretman epi yo te mete yo nan kondisyon youn ladan yo dekri kòm "yon lanfè vivan.

" Trump te di li pral voye pi gwo kriminèl migran yo nan Gantanamo, epi kote a gen espas pou jiska 30,000 moun.

Men avoka mesye sa yo fè konnen yo pa kriminèl danjere, epi pifò moun ki deja nan Gantanamo Bay pa gen gwo dosye kriminèl, oubyen yo pa gen okenn dosye ditou.

XS
SM
MD
LG