Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pou evalye preparasyon pou referandòm ak eleksyon pi ta ane sa a. Pandan vizit sa a, li te mete aksan sou nesesite pou garanti sekirite pèp ayisyen an.
Sa fè 15 ane depi Atis Belo ak patnè li yo ap fè kè fanm ki fèmen nan prizon yo kontan chak 14 fevriye gras ak aktivite Fet Sen Valanten sa a ki pote nom Fanm a Aime.
Gwoup nèg ak zam ki fè pati de kowalisyon "Viv Ansanm", mete dife, ayè jedi a, nan Lopital inivèsite Leta Ayiti a, ki se pi gwo sant ki bay swen nan tout peyi a.
An Ayiti, fèt Sen valanten an pa twò diferan de lòt peyi yo. Nan makèt, nan lari, nan bak machann, chokola fè kenken. Aktivite kiltirèl, biznis yo santre anba tèm lanmou.
Daprè sa òganizasyon Save the children rapòte nan yon kominike ki pote dat madi 11 fevriye 2025 la, gwoup nèg ak zam touye ak blese 289 timoun pou ane 2024 la.
Pwodwi ekspòtasyon ki soti Sendomeng pou rantre Ayiti pandan 2024 la te koute 896 113 238, 13 dola ameriken. Daprè ladwann dominikèn, kantite lajan sila a konnen yon ogmantasyon 2,6% lè w konsidere ane 2023 a.
Gwoup nèg ak zam ki fè pati de kowalisyon "Viv ansanm", mete dife, ayè jedi a, nan Lopital inivèsite Leta Ayiti a, ki se pi gwo sant ki bay swen nan tout peyi a.
Association des industries d’Haïti (ADIH) ak Chambre de commerce et d’industrie haitiano-canadienne (CCIHC) eksprime dezakò yo sou reyalizasyon kanaval la ane sa a.
Ayisyen nan Brooklyn eksprime yo sou ogmantasyon èd PNH la resevwa pou lite kont ensekirite nan dènye jou sa yo. Yo pa santi yo rasire malgre Etazini anonse y ap kontinye ak finansman Fòs multinasyonal la. Anpil nan yo kwè leta Ayisyen dwe bay direktiv yo.
Daphnée Alphonse, yon chofè Taksi Moto ki ap sikile swa pou trafik, swa pou soti pèsonèl. Wilner Bossou te Chita Koze ak Li.
Nan dènye konsèy minis ki fèt ayè mèkredi a, gouvènman ayisyen an fè divès nominasyon nan administrasyon piblik la, pou pèmèt bwat leta yo "mache byen"
Popilasyon Kenskòf la ap mal viv nan kan refijye yo, aprè bandi ak zam, fè yo kouri kite lakay yo.Yo mande otorite yo,voye je sou yo.
Load more