Plizyè santèn manifestan te rasanble devan tribinal federal nan Manhattan, Nouyòk yè Mèkredi a, pou mande liberasyon etidyan Inivèsite Columbia Mahmoud Khalil ke ajans ICE te arete poutet li te patisipe nan manifestasyon pro palestinyen.
Etazini voye tounen soti nan baz li nan Guantanamo, Kiba, 40 dènye migran ki te nan detansyon, pou mennen yo nan Eta Louisiana (sidès peyi a), daprè sa yon responsab nan Ministè Defans lan anonse mèkredi.
Nan mitan yon kriz sekirite grav, 226 migran ayisyen retounen volontèman soti Latiki, madi 11 mas la. Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), ansanm ak Minis Afè Sosyal ak Travay la, resevwa yo nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.
Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, deklare madi 11 mas 2025 la peyi li ouvè a nenpòt envestisman etranje nan rezèv petwòl li yo, apre Etazini revoke lisans Chevron an.
Etazini ap deplwaye sou fwontyè li pataje ak Meksik 600 militè adisyonèl dapre anons Lame Amerikèn fè yè Madi a.
Yon jij ameriken bay lòd pou yo pa depòte nan moman sa a Mahmoud Khalil, etidyan Palestinyen inivèsite Columbia nan New York e militan anti-lagè, e jij la fikse yon odyans demen mèkredi a pou tande ka a. Alòske Khalil deja tranfere nan yon prizon federal pou imigran nan Luisiane.
USCIS, sèvis imigrasyon Etazini vle gen aksè ak kont rezo sosyal migran kap aplike pou rezidans, sitwayènte elatriye pou yo ka verifye.
Load more