Yon jij ameriken bay lòd pou yo pa depòte nan moman sa a Mahmoud Khalil, etidyan Palestinyen inivèsite Columbia nan New York e militan anti-lagè, e jij la fikse yon odyans demen mèkredi a pou tande ka a. Alòske Khalil deja tranfere nan yon prizon federal pou imigran nan Luisiane.
USCIS, sèvis imigrasyon Etazini vle gen aksè ak kont rezo sosyal migran kap aplike pou rezidans, sitwayènte elatriye pou yo ka verifye.
Vis Prezidan JD Vance ankouraje yon kanpay sere-boulon kont imigran san papye, ak patisipasyon tout manm gouvènman Trump la
Nan eta Kawolin di No, Akademi Durham Mwen ap travay ak imigran kap viv nan konte Durham pou ranseye sou dwa yo antanke moun k ap viv Etazini.
Plis pase 10 depite repibliken ak demokrat voye lè bay Prezidan Donald Trump ansanm ak Sekretè Deta sekitrite entryè ameriken an Kristi Noem konsènan dènye dezisyon administrasyon an sou dosye TPS Aysiyen an.
Avoka Eddy Laguerre ki se yon avoka imigrasyon kap travay Miami di desizyon administrasyon Trump la pran sou imigrasyon kapab poze deranjman pou anpil migran Ayisyen.
Nouvo règ ki pèmèt otorite Imigrasyon Ameriken yo poze arestasyon migran ilegal andedan legliz yo simen panik nan mitan kominote Ayisyen Nouyok la.
Migran ki ilegal Etazini epi ki pa enskri kot gouvènman federal la ka fè fas ak gwo amand, prizon, oswa toude, dapre yon direktiv Depatman Sekirite enteryè a pibliye madi.
Load more