Migran Ayisyen ki ap viv nan Chicago gen kè sote sou avni yo apre administrasyon Trump lan deside mete fen nan pwolonjman TPS pou ayisyen. Obed Lamy
Direkte Oganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti, OCNH mande administrasyon Trump la pou l revize desizyon li pran pou sispann TPS pou Ayisyen apati Out 2025.
Desizyon administrasyon Trump la pran pou l pa renouvle TPS pou Ayisyen koze kè sote nan mitan kominote Ayisyèn Nouyok la. Gen kèk Ayisyen ki di VOA yo gen entansyon pwoteste.
Administrasyon Trump lan deside mete yon bout nan Ekstansyon TPS pou Ayisyen. Stati pwoteksyon tamporè a te dwe fini 3 Fevrye 2026 men kounye a lap fini 3 out 2025 si yo pa pwolonje li. Desizyon sa gentan lakoz anpil reyaksyon tonbe nan palman etazini an ak sosyete a. James Pierre gen detay yo.
Nan Miami, Avoka imigrasyon Ayisyen Eddy Laguerre bay VOA Kreyol presizyon sou ekspirasyon TPS pou Ayisyen 3 Out, 2025. Li te pale ak Luckson Saint-Vil.
Etazini gen difikilte pou l depòte dirèkteman kèk imigran nan peyi yo, kidonk li te jwenn yon antant ak Panama kòm yon eskal anvan yo rive nan peyi orijin yo
Gouvène Eta Floride la Ron DeSantis siyen semèn ki sot pase la-a , 2 pwojè lwa ki pral rann lavi imigran ilegal yo difisil. Kisa ki nan lwa sa a ? Kòman li pral afekte imigran yo ? Detay ak Luckson Saint-vil depi Miami.
Lejislatè nan eta Oklahoma, Etazini ap anvizaje yon plan pou kòmanse kolekte enfòmasyon sou sitiyasyon imigrasyon elèv ak paran nan lekòl leta yo. Se yon pwopozisyon kèk responsab lekòl lokal yo deja di yo pral refize aplike.
Load more