Accessibility links

 
Petwòl: Maduro Roule "Tapi Wouj" Pou Tout Envestisè Etranje
Breaking News

Petwòl: Maduro Roule "Tapi Wouj" Pou Tout Envestisè Etranje


Venezuela's President Nicolas Maduro gestures to supporters during a rally in Caracas, Venezuela, Feb. 27, 2025.
Venezuela's President Nicolas Maduro gestures to supporters during a rally in Caracas, Venezuela, Feb. 27, 2025.

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, deklare madi 11 mas 2025 la peyi li ouvè a nenpòt envestisman etranje nan rezèv petwòl li yo, apre Etazini revoke lisans Chevron an.

Desizyon ameriken an pou mete fen nan lisans Chevron, ki dwe likide operasyon li yo nan peyi a anvan 3 avril, te prezante pa prezidan ameriken an, Donald Trump, kòm yon repons a rezilta eleksyon prezidansyèl nan mwa jiyè pase a, yo te konsidere kòm ilegal.

Venezyela "ouvè a tout envestisman etranje nan petwòl, gaz, petwochimi ak rafinaj," se sa prezidan Nicolas Maduro te fè konnen madi.

"Sa ki vle vini travay avèk nou, pòt la louvri, tapi wouj, n ap anbrase w ak anpil afeksyon," li te ajoute.

Malgre yo revoke lisans Chevron, Maduro te endike "tout jizman petwòl peyi a ap kontinye pwodwi," san bay plis detay.

XS
SM
MD
LG