Minis Afè sosyal ak Travay la, Georges Wilber Franc, ansanm ak direktè jeneral ONM lan, Jean Negro Bonheur Delva, te prezan nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture pou akeyi sitwayen ayisyen sa yo.
Minis la fè konnen li sezi wè migran sa yo deside retounen nan peyi a malgre gwo kriz sekirite ki blayi sou li. Daprè Minis la, desizyon sa a voye yon mesaj klè bay otorite yo.
Sou bò pa li, direktè jeneral ONM nan, Jean Negro Bonheur Delva, presize ke migran yo te chwazi retounen volontèman. Pou fasilite reyentegrasyon yo, yo te resevwa yon asistans finansye. Chak migran resevwa 15 000 goud, kote 10 000 goud soti nan ONM epi 5 000 goud soti nan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Vizibleman satisfè aprè yon fin foule sòl peyi Dayiti a, migran sa yo pat vle fè okenn deklarasyon nan mikro laprès.
Nap souliyen, anplis èd finansye, migran yo te resevwa yon plat cho lè yo te debake. Direktè ONM nan pwomèt sipò sosyal pou ede yo reyentegre pi byen nan sosyete a.